Kondisyon itilizasyon
?
1. Kondisyon Itilizasyon — KLIYAN (LAKÜ)
Vèsyon 2025
1. Objektif sèvis la
LAKÜ se yon platfòm ki pèmèt Kliyan pase kòmann pou manje, pwodui oswa sèvis ki soti nan machann patnè yo.
LAKÜ se yon mwayen koneksyon, men pa pwodiktè ni vandè dirèk.
Machann yo responsab pou :
- kalite pwodui a,
- ijyèn,
- disponiblite,
- ak livrezon anbalaj.
2. Akseptasyon kondisyon yo
Lè w ap itilize LAKÜ, ou dakò ak :
- kondisyon itilizasyon sa yo,
- règleman sou done pèsonèl yo,
- règleman sou peman ak livrezon.
Si w pa dakò, ou dwe sispann sèvi ak sèvis la.
3. Kreye kont
Pou pase kòmann, Kliyan an dwe :
- bay enfòmasyon kòrèk (adrès, telefòn, imel),
- kenbe modpas li an sekirite,
- gen omwen 16 an.
LAKÜ ka bloke kont ou an ka :
- fo enfòmasyon,
- abiz,
- fo reklamasyon.
4. Kòmann yo
Lè Kliyan pase kòmann :
- Machann lan resevwa demann nan,
- Li ka aksepte oswa refize (rout, pa gen stock, elatriye),
- Kòmann nan vin definitif lè machann lan aksepte.
LAKÜ pa responsab si machann lan anile.
5. Peman
Kout total la ka enkli :
- pri atik yo,
- frè livrezon,
- taks,
- tip (si genyen).
Peman yo fèt atravè sistèm sekirize (MonCash, kat, elatriye).
Rembousman fèt sèlman si :
- gen erè machann lan,
- atik manke,
- kòmann pa janm rive.
6. Livrezon
Livrezon fèt pa livè entèdepandan.
Tan livrezon yo se estimasyon, yo ka varye.
LAKÜ pa responsab reta ki koze pa :
- trafik,
- move tan,
- move adrès,
- kliyan ki pa disponib.
7. Kalite & Sekirite alimantè
Machann yo responsab nèt ale pou :
- ijyèn,
- alèji,
- frechè,
- anbalaj.
8. Anilasyon
Kliyan ka anile anvan machann lan kòmanse prepare.
Apre akseptasyon : anilasyon ka refize oswa gen frè.
9. Sa ki entèdi
Yo entèdi :
- fo kòmann,
- fo reklamasyon,
- mank respè ak livè/machann,
- refi peye,
- move konpòtman.
Kont lan ka bloke san avètisman.
10. Limit responsabilite
LAKÜ pa responsab pou :
- erè machann lan,
- reta livrezon,
- konpòtman livè,
- pwoblèm manje (ansèyman, alèji, maladi alimantè).
?
2. Kondisyon pou MACHANN — Restoran & Boutik
1. Wòl machann lan
Machann lan sèvi ak LAKÜ pou vann manje/pwodui li yo.
Li responsab pou :
- kalite manje a,
- ijyèn,
- foto ak deskripsyon yo,
- pri yo,
- bon anbalaj.
2. Obligasyon machann lan
Machann lan dwe :
- mete enfòmasyon kòrèk (pri, meni, foto),
- reponn kòmann yo rapid,
- prepare kòmann yo byen,
- respekte règleman sanitè,
- mete ajou stock la,
- bay bon anbalaj pou transpò.
3. Komisyon
LAKÜ pran yon komisyon 15% sou chak kòmann konfime.
Komisyon sa a aplike sou :
- manje,
- pwodui,
- sèvis,
- frè livrezon (si se livè LAKÜ).
Règleman machann yo fèt chak semèn oswa selon plan yo chwazi.
4. Responsablite machann lan
Machann lan responsab pou :
- lisans komèsyal li,
- mezi sanitè,
- pri yo,
- kontni manje a,
- foto ak materyèl pwomosyonèl li mete.
5. Pwopriyete Entèlektyèl
Machann lan dwe itilize sèlman foto/dokiman li posede oswa li gen otorizasyon pou yo.
6. Sispansyon
LAKÜ ka sispann kont machann lan si :
- gen plizyè plent grav,
- ijyèn danjere,
- twòp anilasyon,
- aktivite sispèk,
- fo enfòmasyon.
?
3. Kondisyon pou LIVÈ — Patnè Entèdepandan
1. Statut livè a
Livè yo se travayè endepandan, yo KA travay :
- nenpòt lè,
- nenpòt jou,
- pou lòt aplikasyon tou.
Yo pa anplwaye LAKÜ.
2. Obligasyon livè a
Livè a dwe :
- gen yon bisiklèt/moto/machin an bon eta,
- respekte kòd wout la,
- sèvi ak pwòp ekipman li,
- trete kliyan ak respè,
- pwoteje manje a pandan transpò,
- livrezon alè.
3. Peman
Gany livè yo depann de :
- distans,
- zòn,
- tan,
- bonus/perfòmans.
Peman fèt atravè MonCash oswa lòt mwayen.
4. Responsablite livè a
Livè a responsab pou :
- asirans li,
- sekirite wout li,
- domaj oswa aksidan,
- responsablite legal pèsonèl,
- kenbe enfòmasyon kliyan yo konfidansyèl.
5. Sispansyon
LAKÜ ka bloke livè a si :
- gen plent grav,
- mank respè,
- konpòtman danjere,
- livrezon ki pa fèt,
- fwod,
- vòl.
?
4. Règleman sou Done Pèsonèl
LAKÜ kolekte sèlman enfòmasyon ki nesesè pou livrezon, sekirite ak peman.
Done yo ka pataje sèlman ak machann ak livè ki bezwen yo pou egzekite kòmann lan.
?
5. Chanjman nan kondisyon yo
LAKÜ ka modifye kondisyon yo nenpòt ki lè.
Kliyan ak machann yo va resevwa avi si gen gwo chanjman.